AYITI/ENSEKIRITE: BANDI AK ZAM ATAKE YON LEGLIZ NAN KAPITAL LA.

Granm bonè maten dimanch 26 septanm 2021 an, bandi ak gwo zam lou nan men yo rive rantre nan premyè legliz batis pòtoprens tire anpil bal kote yon manm legliz la rive blese gravman.

Yon lòt kote, selon sa youn nan responsab legliz la fè konnen bandi yo ale ak yon moun nan legliz la. Yon Aksyon ki mete gwo lapèrèz ak gwo kè kase nan mitan fidèl legliz la.

Nap souliye, machin ensekirite a ap pran plis vitès chak jou Bondye mete nan peyi Dayiti kote nèg ki avèk gwo zam yo pa epanye pèsòn moun nan sosyete a.

Ronald Exavier.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …