AYITI/KIDNAPIN:ATIS JEAN JUNIOR WACELUS « MONEY G » JWEN LIBERASYONL

Kidnape nan komin taba 29 dawout pase a, atis Jean Junior Wacelus alyas Money G libere dimanch 26 septanm 2021 an.

Ravisè yo deside libere ansyen chantè gwoup « Gabel 5 etwal » la aprèl te fin pase anviron 28 jou nan men yo ki te egzije fanmi otaj la Yon sòm lajan ki evalye ak 25 mil dola ameriken, malgre efò pwòch li yo te fè pou jwen lajan sa pou remèt ak kidnapè yo, yo te toujou kenbe atis la, Yon rezon ki lakoz yo te oblije vèse menm kantite lajan sa ankò,nan Yon dezyèm tan.

Pòtoprens tounen Yon kapital Kidnapin, chak jou ki pase, plizyè ka anlèvman anrejistre, Yon sitiyasyon ki koze anpil enkyetid Lakay chak grenn sitwayen k’ap viv nan zòn metropolitèn nan.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …