LEMOND/ KATASTWÒF : SIKLÒN « GULAB » TOUYE DE (2) MOU NAN PEYI END EPI YON LÒT DISPARÈT

Siklòn « Gulab » ki pase jounen dimanch 26 Septanm 2021 an sou peyi End, lakoz de (2) pechè mouri, yon lòt disparèt ak pou pi piti 100 mil fanmi deplase ale nan abri pwovizwa, daprè sa jounal endyen  » Indian Express » rapòte.

Selon enfòmasyon otorite peyi End yo bay, fè konnen de (2) moun ki mouri yo se  2 pechè ki te pran lanmè nan moman pasaj siklòn lan, pou pi piti 100 mil fanmi deplase pou kapab ale nan abri pwovizwa akoz gwo brannba siklòn « Gulab » bay nan rejyon Lès peyi End.

Daprè responsab yo nan depatman metewolojik endyen, fè konnen siklòn « Gulab », ki ap pran direksyon eta « cotiers d’Odisha » ak « d’ Andhra Pradesh » ak yon rafal van 95 km/ h, kapab pote anpil lapli ki ka lakoz inondasyon.

 

Dieuva Occidor

Kredi foto: Afp

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …