AYITI/JOUNEN MONDYAL LANMÈ: SEMANA ÒGANIZE YON JOUNEN PÒT OUVÈT.

_Sèvis maritin navigasyon Dayiti ki gen sig li an fransè ( SEMANAH) òganize dimanch 26 septanm 2021 an yon jounen pòt ouvèt pou make jounen entènasyonal lanmè ki selebre chak 30 septanm anba tèm : » Les gens de mer : au cœur des transports maritimes de demain »._

Objektif SEMANAH, nan kad jounen mondyal lanmè a, se sansibilize pi plis toujou popilasyon ayisyen an sou enpòtans sektè transpò maritim nan genyen nan lavi ekonomik tout peyi ki gen yon fasad maritim.

Pou sa ki gen pou wè ak tèm : » Les gens de mer : au cœur des transports maritimes de demain » se òganizasyon maritim entènasyonal (OMI), enstitisyon espesyalize nan Nasyonzini ki te chwazi li pou edisyon 2021 an. Chwa sa fèt sou baz tèm nan reflete nesesite pou fè moun konnen wòl enpòtan lanmè jwe nan komès entènasyonal.

Direktè SEMANAH a, mesye PRÉVOST fè konnen jounen mondyal lanmè a se yon bèl opòtinite ki ofri pou metye ak moun k ap travay nan lanmè. » Tèm OMI chwazi ane sa, li gen pou objektif bay vizibilte ak moun ki ap travay nan lanmè e an menm tan fè konnen wòl yo ki enpòtan nan komès mondyal la »

Nimewo 1 SEMANAH a, pi lwen, fè konnen malgre mwayen yo piti anpil administrasyon li a fè anpil jefò pou devlope sektè maritim navigasyon ayisyen an.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …