KOLERA/NIJÈ : NAN PEYI NIJÈ 4800 MOUN KONTAMINE NAN KOLERA PAMI YO GEN 151 KI MOURI.

_Nan peyi Nijè gen 4800 moun ki kontamine nan maladi kolera, pami yo gen 151 ki fè vwèl pou peyi san chapo soti mwa mas pou rive septanm 2021._

Premye ka kolera a te deklare fen mas. Malgre te gen yon repons rapid ki te pote ak sa a, sou uit rejyon ki gen nan peyi a gen sis maladi a gentan touche. Nan sans sa, kominote entènasyonal la a travè Ògan Nasyonzini pou repons Ijans debloke 7 milyon ewo pou ede peyi Nijè fè fas ak kolera e inondasyon. Linyon Ewopeyèn gentan debloke, bò kote pa l, 300 000 milyon ewo pou goumen kont maladi a.

Kolera a se dlo ki pa pwòp ki bay li. Sezon lapli ki ap fè raj nan peyi Nijè akselere epidemi an. Sepandan, pou lite kont pwopagasyon maladi a, òganizasyon non gouvènemantal yo(ONG) mize sou kanpay sansibilizasyon ak jès yo nan kominote ki touche yo.

Imanitè yo gentan resanse 4800 ka kontaminasyon ki gen pou wè ak kolera, pami yo gen 151 moun ki mouri, rapòte RFI.

Nijè se yon peyi nan kontinan afriken an, ki chita kòl patiklyèman zòn Afrik Lwès.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …