ESPÒ/LIG DÈ CHANPYON: ESTATISTIK MESSI YO KONT EKIP CITY A BAY LAPERÈZ.

_Dezyèm jounen Lig dè Chanpyon an nan gwoup A pral mete bab pou bab ekip PSG a anfas ekip Man City. Yon afich vedèt. Yon afich anpil moun t ap tann dotan plis se pral okazyon pou Messi rankontre ak Pep Guardiola, yon bon e yon gwo retwouvay. Sepandan, estatistik Messi yo kont ekip Man City a bay fanatik City yo anpil kè sote._

Messi kont ekip City a se 6 gòl e 2 pas desizif nan 6 match. Sou baz sa, anpil fanatik rete kwè Messi ka ofri klèb kapital peyi Lafrans la viktwa a kont poulen Pep Guardiola yo.

Man City fè pati kat ekip Messi plis malmennen plis fwa nan lig dè chanpyon an. Daprè chif beIN Sports yo, Manchester City, Celtic anfas Messi se 5 defèt. Donk, ansyen jwè Katalan an kapab rete sou menm lanse a apremidi a nan « Parc des Princes » lan.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …