AYITI/ ELEKSYON: MANM KONSÈY ELEKTORAL YO ESTIME REVOKASYON AN FÈT DÈYÈ DO LALWA

Manm konsèy elektoral pwovizwa (KEP)  ki jwenn revokasyon yo jounen lendi 27 septanm lan aprè yon arete premye minis defakto a Ariel Henry te fè pibliye nan jounal Monitè.

Nan yon kominike yo mete deyò jounen madi 28 septanm 2021 an, estime desizyon chèf gouvènman Ariel Henry pagen okenn pwovizyon, ni konpetans pou ta revoke nan pòs yo kòm konseye elektoral.

Nan menm kominike a, konseye deklare » manm konsèy elektoral la enfòme tout moun arete mouche Ariel Henry, premye minis ti bout tan an pa konsène nou, paske selon la lwa se arete 14 septanm 2020 ak youn 5 jiyè 2021 ki te nome yo ». Pilwen, manm (KEP) a, raple ak chèf gouvènman se yon arete prezidansyèl ki te nonmen yo se yon lòt arete prezidansyèl ki pou revoke yo.

Pou fini, konseye yo menase pou trenen devan lajistis arete premye minis doktè Ariel Henry a, daprè yo ki pagen anyen pou wè ak lalwa.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …