AYITI/POLITIK : RASANBLEMAN JOVENELIS YO POU DEMOKRASI MANDE LETA PRAN RESPONSABITE YO DOUVAN ZAK ENSEKIRITE YO

Nan yon nòt pou laprès Rasanbleman Jovenelis yo pou demokrasi (RJD) mete deyò dimanch 26 septanm 2021 an, nan lide pou yo pataje soufrans yo ak lapenn yo avèk pèp Ayisyen ki pa konn ki sen pou yo rele anba zak ensekite ak kidnapin ki prèske fini ak sosyete a.

Yon lòt kote, RJD yo di yo konstate vitès machin ensekirite a ak kidnapin lan ap pran chak jou Bondye mete, alòske mesye ki di yo ap fè politik yo ki te pwoklame tèt yo nan opozisyon avèk ansyen prezidan Jovenel Moïse, yo te fè yon pati nan popilasyon Ayisyèn lan konnen konnen depi ansyen chèf leta a pa sou pouvwa a ankò ap gen sekirite nan 3 jou, poutan ansyen lokatè palè nasyonal la pral gen 3 mwa depi yo retire lavil ensekirite vin pi plis.

Pilwen, RJD yo di pou jan machin ensekirite a ap pran vitès la popilasyon an pap ka sipòte flewo sa, nan sans lan Rasanbleman Jovenelis yo pou demokrasi mande lapolis ak lajistis pran responsabilite yo douvan sa kap pase nan peyi a.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …