LEMONN/SINEMA : SOTI DÈNYE JAMES BOND LAN,  » MOURIR PEUT ATTENDRE »

_Ajan 007 retounen pou bonè fanatik sinema yo. Repotè yon fwa akoz Kovid-19, dènye James Bond lan ap soti 30 sektanm 2021 nan Wayom ini e 6 oktòb nan peyi Lafrans. » Mourir peut attendre », yon fim ki dire 2è 54 minit, se ap dènye avèk aktè Daniel Craig. Toutfwa, premye pwojeksyon fim nan te fèt madi ki sot pase a te fèt vil Lond nan Royal Albert Hall._

Reyalizatè Cary Jofi Fukunaga, premye ameriken ki reyalize yon fim James Bond fouye pi fon toujou avèk yon ajan sekrè k ap fè fas ak yon pakèt fay entim, e ki gen pou misyon pou sove lemonn ak pwòch li nan yon espas ki fè frèt anpil, ivè.

Yon lòt kote, reyalizatè sa fè konnen se dènye James Bond aktè Daniel Craig ap jwe. » Se te dènye a pou Daniel. Men li te bèl, vrèman li te bèl. Te gen plis santiman ».

Premye pwojeksyon fim »Mourir peut attendre » lan fèt nan vil Lond. Fim nan chaje aksyon ak sipriz e Daniel Craig bò kote l pa l byen fini misyon l lan.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …