LEMOND/GANG: 116 PRIZONYE MOURI NAN NAN PEYI EKWATÈ

Gwo batay eklate jounen madi 28 septanm 2021 an, nan yon prizon ki nan vil « Guayaquil » ki nan sidwès peyi Ekwatè. bilan monte jiska 116 prizonye mouri, selon enfòmasyon responsab penitansyè kominike.

 » bilan yo fè konnen, gen 116 prizonye ki mouri ak 80 lòt ki blese », deklarasyon prezidan peyi Ekwatè a Lasso Guillermo, fè pandan vizit li nan prizon an. Pilwen, chèf Leta, ki lanse dekrete eta eksepsyon nan tout sistèm prizon nan peyi Ekwatè.

Selon enfòmasyon yo, sitiyasyon vyolans ki eklate nan prizon sa ki nan vil « Guayaquil » ki nan sidwès peyi Ekwatè, vini nan moman plizyè gwo dilè trafik zam ak dwòg tanmen yon mouvman kont move tretman yo jwenn andan prizon an.

Plizyè obsèvatè nan peyi Ekwatè, poze kesyon sou seri mezi prezidan ekwatoryen Lasso Guillermo, anonse yo paske nan lane 2020 pou pi piti 20 prizonye te mouri li te dekrete eta ijans nan sistèm prizon yo ki sanble pat pote okenn rezilta.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …