AYITI/ GRÈV : FEDERASYON PWOTESTAN MANDE POU FÈMEN TOUT PÒT ENSTISYON YO POU DENONSE ZAK KIDNAPIN LAN

Federasyon legliz pwotestan Ayiti, mande ak tout enstisyon ki fè pati legliz pwotestan pou fèmen pòt yo vandredi premye (1) oktòb ki ap vini la pou denonse ensekirite a ak fenomèn kidnapin lan.

Prezidan federasyon Ayiti yo, pastè Calixte Fleuridor, ki mande ak tout enstisyon ki fè pati legliz nan federasyon sof lopital, pou fèmen pòt yo demen premye (1) oktòb 2021 an, pou denonse asasinay ki fèt sou dyak legliz premye batis Sylner Lafaille ak kidnapin sou madanm li Marie Laurent Lafaille. Pastè Fleuridor, ki mande tout manm legliz ki nan federasyon pou abiye ak koulè nwa pou ale legliz dimanch twa (3) oktòb 2021 an.

N ap siyale, jiska prezan bandi ak gwo zam kite kidnape madanm Marie Laurent Lafaille, dimanch 26 septanm poko janm jwenn liberasyon l.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …