AYITI/KIDNAPIN: YON ETIDYAN FAKILTE SYANS MOUN KIDNAPE NAN PÒTOPRENS

Nèg ak gwo zam kidnape nan lanwit 28 pou louvri 29 septanm 2021 an, etidyan Jhonny Jean, ki ap etidye nan fakilte syans moun  » syans imèn », ki nan inivèsite Leta.

Zak kidnapin sa a, ki fèt nan sant vil Pòtoprens, nan Ri  » Canneau », kote ravisè yo deja mande ak fanmi an twasan mil dola ameriken (300 000 $ US), daprè sa kèk manm pwòch fanmi an konfime.

Nou ap siyale, fenomèn kidnapin lan pa sispann kreye perèz lakay moun yo kote touch kouch jwenn moso pa yo, alòske anpil kesyon ap poze kibò Lapolis ak konsèy sekirite polis nasyonal (CSPN) lan, pase ?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …