ETIDYAN/ SENDOMENG : LAPOLIS DOMINIKEN MALNENNEN YON PAKÈT ETIDYAN AYISYEN

_Lapolis dominiken maltrete yon pakèt ayisyen, pami yo anpil etidyan devan Anbasad Ayiti ki nan repiblik dominikèn mèkredi 29 sektanm 2021 an._

Alòske plizyè Ayisyen bezwen paspò ak viza etidyan pou yo fonksyone nan peyi Sendomeng, anbasad Ayiti ki lòt bò a pa janm kapab satisfè demann yo. » N ap tann depi 13 mwa e anyen pa janm fèt. Konsila a ap pede vire nou chak tan », pawòl youn nan moun ki te devan konsila a.

Nan kèk videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, pandan mouvman pwotestasyon an t ap fèt te gen nan konpatriyòt ayisyen yo ki t ap tire wòch sou anbasad la e gen moun ki te menm travèse périmèt yo pa t dwe franchi. E parapò ak sa, Lapolis dominiken te entèvni, men avèk anpil eksè, daprè anpil moun.

Lapolis Dominiken mete anpil nan ayisyen ki t ap manifeste yo anba kòd e gen nan yo tou ki blese e tout sa rive pwodui, selon anpil moun, paske otorite ayisyen yo enkonpetan.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …