AYITI/KIDNAPIN: EKONOMIS ENOMY GERMAIN MANDE LIBERASYON ETIDYAN JOHNNY JEAN

_Ekonomis Enomy Germain, nan yon mesaj li poste sou paj fesbouk li jounen jedi 30 septanm nan, mande liberasyon etidyan Fakilte Syans Moun, Johnny Jean, nèg ak zam kidnape ayè mèkredi 29 septanm 2021 an nan ri Kamo, Pòtoprens._

« Mwen te lekòl segondè ak Johnny JEAN. Nou te lekòl nan Lise Gonaviy. Li vini Pòtopwens pou bouske lavi. Li pa gen kòb. Paran li yo pa gen kòb tou. Libere Jonnhy », egzije ekonomis la.

Parapò ak sityasyon ekonomik difisil etidyan yo ap fè fas nan Fakilte Syans Moun, gen yon etidyan ki pa t vle non l site men ki te kase moso lapawòl ak redaksyon echo Jounal.  » Etidyan se mouda chire wi. Souvan nou pase jounen an ak sèlman yon pen ak manba wi. Si nou gen yon 25 goud se kòb kopi li ye », esplike etidyan an avan l fè konnen » si zafè etidyan yo te bon se pa nan Inivèsite Leta yo ta pral pase mizè pou yo rantre. »

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …