AYITI/POLITIK: PEYI A VIN PI MAL APRE 30 LANE KOUDETA ANSYEN PREZIDAN JEAN BERTRAND ARISTIDE LAN.

30 septanm 1991-30 septanm 2021 sa fè egzakteman 30 lane depi lidè politik Ayiti ak militè te bay ansyen prezidan Aristide koudeta, peyi vin pi mal, lamizè, ensekirite, gwoup gang pasi pala nan tout peyi a se sa koudeta sa trennen dèyèl deklare Doktè Maryse Narcisse.

Ansyen kandida pou pòs prezidan nan dènye eleksyon ki sot pase yo fè konnen nan 30 dènye lane sa yo apre koudeta ansyen prèt Don Bosco a se gang peyi pwodwi plis alòske, ansyen chèf leta te gen yon politik sekirite sosyal nan lide pou te akonpaye tout kouch moun nan peyi a.

Yon lòt kote, Madam Narcisse mande tout aktè nan vi nasyonal la pou mete tèt yo ansanm pou yo jwenn yon sèl akò pou soti Ayiti nan sitiyasyon malouk li ye a.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …