AYITI/POLITIK: « PEYI ETAZINI PAP ABANDONE AYITI », DEKLARASYON DIPLOMAT BRIAN A. NICHOLS

Sekretè an aprè pou zafè emisè oksidantal Brian A. Nichols ak direktè prensipal konsèy sekirite nasyonal pou emisè oksidantal Juan Sebastian Gonzalez, mete fen jounen premye oktòb 2021 ak vire won yo tap fè nan peyi Ayiti, chita pale ak diferan aktè nan kriz la tankou manm sosyete sivil la, lidè politik yo ak ofisyèl nan gouvènman pou kapab jwenn yon solisyon.

Nan sa ki konsène Akò 30 dawout 2021 an, manm sosyete sivil la prezante a, diplomat ameriken Brian A.Nichols ak Juan Sebastian Gonzalez deklare  » seyon akò solid ak fò ». Pilwen deklarasyon de (2) diplomat ameriken yo, montre yo enpresyone anpil pou divèsite ak anplè gwoup Montana. De (2) emisè yo ajoute pou di:  » tout moun sa yo ki siyen 3 dokiman yo asepte pou chache yon sèl wout pou peyi a ».

Diplomat yo pandan vizit yo ki te panche sou asasinay ansyen chèf Leta Jovenel Moïse, lakay li nan Pèleren 5, Brian A. Nichols, mete aksan sou travay ansanm otorite nan peyi Ayiti ak responsab FBI. Li raple, delegasyon an ak tout gouvènman dakò pou mare kou krab koupab nan krim sou defen prezidan an.

Pou ensekirite a, diplomat Nichols ak Gonzalez, fè konnen yo rankontre ak direktè jeneral pou ti bout tan Polis la, Léon Charles, e pwomèt li yon misyon teknik ap gen pou vini pote sipò bay pou kapab ede mete fren nan zak bandi yo ap komèt.

 

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …