AYITI/JISTIS: PIERRE ESPERANCE METE DEYO YON PAKET VERITE KACHE KI FE JOVENEL MOISE POKO KA JWENN JISTIS

Direktè egzekitif rezo nasyonal ki ap defann dwa moun nan, Pierre Espérance, fè konnen sou radyo Magik 9 li ap difisil pou dosye ankèt sou lanmò Jovenel Moïse la rive nan bout li.

« Ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moïse la bloke nan nivo polis jidisyè. Prezans yon pakèt moun nan pi wo nivo nan Leta a anpeche ankèt la avanse », daprè Pierre Espérance.

Yon lòt kote, mesye Pierre Espérance denonse Lapolis ak Laprimati ki, daprè sa li di, ap pwoteje Joseph Badio Félix, youn nan prezime asasen nan lanmò Jovenel Moïse. » Se lidèchip Lapolis ak Laprimati k ap pwoteje Badio, se sa ki esplike li poko arete. Li nan peyi a. Yo ap fè sikile nouvèl lanmò l pou manipile opinyon piblik », daprè sa l di.

Pou sa ki gen pou wè ak ansyen senatè Lwès la, John Joël Joseph ki se youn nan moun Lapolis ap chaje nan kad ankèt sou asasina Jovenel Moïse la, Pierre Espérance fè konnen ansyen senatè a jwenn pwoteksyon Lapolis la tou. » Lapolis jidisyè te dwe al mennen yon operasyon nan yon kote li te kache. Operasyon an te dwe fèt lannuit, men yo chanje lè a, yo fèl lajounen pito jis pou l te ka jwenn tan pou l gentan ale. Li sove » , fè konnen Pierre Espérance, daprè sa Le Nouvelliste rapòte.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …