PREMYE MINIS NOME A FÈ DEPO PYÈS LI NAN PALMAN AN.

Premye minis nome a Jean Henry Ceant fè depo pyès li yo nan palman an ayè vandredi dis (10) out 2018 la.

Premye minis nome a depoze ayè vandredi a nan palman an yon ventèn pyès jan konstitisyon an mande sa. Yon komisyon spesyal nan sena a ak chanm bas la pral gen pou misyon etidye dosye yo apre pou fikse yon dat pou prezantasyon enonse politik jeneral premye minis nome a.

Jean Henry Ceant ki te jwenn benediksyon prezidan repiblik la apre anpil chita pale rete kwè ke depite yo ak senatè yo ap vote an favè enonse politik jeneral li a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …