AYITI/KIDNAPIN : YON PASTÈ PLIS DE (2) LÒT MOUN KIDNAPE ANNDAN YON LEGLIZ DÈLMA 29

_Nèg ki ak inifòm Lapolis kidnape moun anndan legliz nan Dèlma 29. Jean Marie Ferrer Michel, pastè legliz « Center de Jésus » ak Isabelle Devendegis e Norman Weiner se non twa moun sa yo nèg ki ak inifòm Lapolis kidnape jounen dimanch 3 oktòb 2021 an nan legliz la pandan kil la. Ravisè yo ale ak machin pastè a._

Yon lòt ka kidnapin ankò kont sektè relijye a. E fwa sa, se nan legliz « Center de Jésus » kote pandan kil la nèg ki ak inifòm Lapolis kidnape pastè legliz la Jean Marie Ferrer Michel ak de lòt moun ki se : Isabelle Devendegis ak Norman Weiner.

Youn nan pwòch viktim nan fè konnen li poko resevwa okenn apèl, daprè sa radyo metwonòm rapòte.

Sou egzateman ui jou, nèg ak zam atake 2 legliz kote yo touye epi kidnape kèk responsab. Alòske, jiskaprezan, malgre tout ka kidnapin yo, Lapolis Nasyonal Dayiti toujou poko ka reyaji.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …