LEMONN/ DRAM: UIT (8) MOUN MOURI NAN YON AVYON NAN PEYI ITALI

Yon avyon touris kraze jounen dimanch 3 oktòb 2021 an nan vil Milan, nan peyi Itali lakoz 7 pasaje pèdi lavi yo plis pilòt la, daprè ajans nasyonal sekirite ayerièn ( ANSV).

Aparèy la, yon monomotè Pilatis PC-12 te dekole nan mitan jounen nan ayopò milanè de Linate, nan nò Itali. Avyon an kraze yon ti tan apre l fin dekole nan Santo Donato Milanese, yon komin kapital Lombarde, selon ANSV ki louvri yon ankèt.

Daprè anpil temwen, avyon an te gentan pran dife depi avan li te antre nan yon imèb ki an rekonstriksyon.

Daprè kotidyen Milanè II Corriere della Sera e ajans italyèn AGI, se yon milyadè woumen ki rele Dan Petrescu, 68 lane, ki t ap pilote avyon an. Madanm li 60 lane, pitit li 30 lane plis yon timoun te fè pati pasaje ki te gen nan avyon an.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …