AYITI/ REFLEKSYON : YON CHA BLENNDE GEN PLIS ENPÒTANS KE LAVI POLISYE

Zak ensekirite, fenomèn kidnapin lan rete pigwo defi pou otorite ki ap dirije Leta, paske chak jou otorite yo ap pran frèt kach nan men bandi ki gen gwo zam nan men yo.

Ant yon cha blennde ak yon polisye kiyès ki gen plis enpòtans ? Douz (12) mas 2021 an, nan yon operasyon Lapolis te mennen nan vilaj de Dye te gen pou pi piti 8 polisye ki mouri ak yon cha blennde pou Lapolis, negosiyasyon yo te fèt pou pran cha alòske kadav 8 polisye sa yo te rete anndan vilaj de Dye, jiska jounen jodi a.

Mete sou sa, nan operasyon Lapolis mennen nan sware premye oktòb 2021 an, bilan yon polisye (UDMO) Exil Michelet tonbe anba bal bandi ak yon cha blennde boule rapyetè. Anba je tout moun Lapolis al rekipere kakas cha blennde a olye al pran kò polisye Exil Michelet ki rete nan men bandi yo.

N ap siyale, nan yon Konferans pou laprès samdi de (2) oktòb 2021 an, direktè jeneral pou tibout tan Polis la Léon Charles, san reponn kesyon travayè laprès di :  » Lapolis touye 7 bandi nan operasyon Matisan ak plizyè lòt blese ». Obsèvatè yo poze kesyon ak kòmandan Léon Charles, ou di 7 bandi touye ki non yo ? Kote kadav yo ? Nan ki baz yo te afekte ?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …