AYITI/GRÈV : PÒT PLIZYÈ LEKÒL RETE FÈMEN NAN KOMIN KABARÈ

Maten lendi kat (4) oktòb la pòt majorite lekòl rete fèmen nan komin cabaret akoz grèv sendika transpò yo te anonse an.

Jan sa te anonse depi semèn pase an, sektè sendika transpò an tap fè grèv pou mande otorite yo pou pran responsablite yo nan fason gaz ap vann nan peyi an kote se nan galon oubyen anba mizè pou yo jwenn Yon Ti gaz pou yo fonksyone sa gen plis passe de (2) mwa.

Si nan kèk vil grèv la pa mache pou Kabarè li pran a plis pase 70% kote majorite lekòl pa fonksyone sektè transpò an ralanti ni pou machin transpò ni pou motosiklèt moun ka konte sou dwèt kantite viyikil Ki sou lari an.

Elèv ak Ti machan yo ap plenyen kote yap di se pa enpòtan pou grèv nan moman sila kote aktivite eskolè yo apèn kòmanse se Yon fason pou gate ane eskolè an

 

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …