FOUTBÒL/ LIG I: MBAPPÉ KONFIME LI TE VLE KITE PSG PANDAN PERYÒD ESTIVAL LA

_Entènasyonal fransè a, Kylian Mbappé soti nan silans la nan lide pou klarifye kèk pawòl ki te di ki pa te laverite nan moman laprès espòtiv nan monn lan t ap anonse l nan ekip Real Madrid la. » M te mande pou m kite ekip la paske imedyatman m pa t vle pwolonje, m te vle klèb la jwenn yon endamnite transfè pou l te ka jwenn yon bon ranplasan », deklare atakan PSG a, Kylian Mbappé._

Mbappé demanti enfòmasyon ki te fè kwè se nan mwa dawout la li te vle kite ekip la.  » M te di m te vle kite ekip la depi fen jiyè. »

Parapò ak lide li te genyen pou l kite klèb kapital fransè a, Kylian Mbappé fè konnen li te vle tout moun byen soti sizanka li te ale, kote gen yon bon « deal » ki fèt, tout moun soti men nan men.

« Yo te di m refize sis ou sèt pwolongasyon, yo di m pa t vle ak Leonardo tout sa yo se te manti », pawòl atakan vedèt klèb kapital fransè a, PSG.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …