AYITI/JISTIS : NOUVO BATONYE BAWO MIRAGWÀN LAN PRAN FONKSYON

Nan yon seremoni pasasyon Baton Bawo Miragwàn òganize aprè midi lendi kat (4) oktòb 2021 an, nouvo batonye Bawo Miragwàn lan mèt Fritz-N’el Saint Louis, rantre nan fonksyon.

Ansyen batonye Bawo Miragwàn lan mèt Saurel Frantz, remèsye tout moun kite kolabore ak li pandan de (2) manda li pase nan tèt Bawo a. mèt Saurel Frantz, pwomèt kolaborasyon l avèk nouvo batonye a.

Sou bò pa li, nouvo batonye a mèt Fritz-N’el Saint- Louis, nan diskou li pa kache kontantman l paskel rantre nan fonksyon jounen 4 oktòb 2021 an, mèt Saint-Louis, remèsye tout avoka manm bawo ki bal konfyans pou dirije yo pandan de (2) lane. Pwofesè Dwa Sivil la, pwomèt ak avoka manm bawo a inovasyon nan bawo Miragwàn.

N ap fè remake, seremoni pasasyon Baton an te fèt anprezans plizyè manm nan aparèy jistis jiridiksyon Miragwàn lan pami yo jij, komisè gouvènman ak plizyè lòt pèsonalite.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …