_Aprè kat rezo ki te kanpe yo vin retounen ap fonksyone nòmalman nan lannuit lendi 4 oktòb pou rive madi 5 oktòb 2021, Facebook nan yon kominike fè konnen se te yon « chanjman nan konfigirasyon sèvè ki pa t bon » ki te lakoz pàn majè sa li t ap fè fas la_ .
« Moun ak antrepriz nan monn lan depann anpil de moun pou yo rete konekte », fè konnen gwoup Facebook ki pa t kominike okenn enfòmasyon pandan pàn nan.
« Nou prezante eskiz nou ak moun ki afekte yo », fè konnen Facebook, swa anviwon plizyè milya moun daprè plizyè ekspè an sibèsekirite.
Jackson junior Rinvil