AYITI/ EDIKASYON: YON LEKÒL NASYONAL INOGIRE NAN KOMIN FONDENÈG

Yon delegasyon ki te gen nan tèt li premye minis ayisyen an doktè Ariel Henry, minis edikasyon nasyonal la Marie Lucie Joseph ak direktè jeneral fon nasyonal edikasyon (FNE), Joseph Frantz Nicolas inogire jounen madi senk (5) oktòb 2021 an yon lekòl Nasyonal ki Fondenèg.

Majistra komin Fondenèg la, Gadnor Augustin, nan entèvansyon li fè konnen se te yon gwo batay pou te kapab rive pèmèt sant vil komin Fondenèg gen premye lekòl nasyonal li ak espas la ki pral sèvi pou mete lise  » Claude Joseph Bernard ». Premye sitwayen komin Fondenèg la, Gadnor Augustin, pwofite lanse yon bann pawòl piman bouk kont palmantè senatè ak depite ki vle vòlè pwojè lekòl la kòm kwa yo ki te mete pwojè sa sou pye. Poul fini, Gadnor Augustin, deklare  » pa okipe pèson moun, ki ap pran travay sa se nou nan Meri Fondenèg ki te batay pou li, yo sal nonm pou pwojè sa ».

Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ki gen sig nan lang fransè (MENFP), Marie Lucie Joseph, salye gwo travay konstriksyon lekòl sa ki konstwi nan komin Fondenèg. Minis lan, ki mande pou chak moun ki nan sistèm edikatif la pou pran responsabilite yo pou pèmèt gen avanse, pandan li pwomèt bonjan materyèl ak lekòl nasyonal Fondenèg la.

Premye minis ayisyen an, doktè Ariel Henry, montre li kontan anpil pou nouvo pwojè lekòl sa ki inogire nan komin Fondenèg, ki respekte tout nòm parasismik ak nòm parasiklonik, batiman ki montre kijan lajan trezò piblik la depanse. Pilwen, PM Henry, mande ak elèv lekòl ki nan gran Sid la ki te viktim nan tranbleman tè 14 dawout la pou fè anpil jefò pou kapab menm kote ak lòt timoun nan lòt depatman ki pat viktim yo.

N ap fè remake, lekòl nasyonal Fondenèg, gen yon kapasite pou resewa desa katreven (280) elèv ki ap etann yo nan nèf (9) sal klas primè ak de (2) sal klas preskolè.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …