AYITI/ JISTIS: MOUVMAN MILITAN POU CHANJE AYITI KONTINYE AP REKLAME JISTIS POU ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE

Kòdonatè Mouvman Militan pou Chanje Ayiti (MMCDHA), Morel Esperance Berard, kontinye ap mande jistis pou defen prezidan Jovenel Moïse ki te asasinen lakay li nan Pèleren senk (5), nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an.

Morel Esperance Berard, denonse le fèt ke twa (3) mwa depi aprè asasinay ansyen chèf Leta anyen pa janm di sou zak la, epi seri prezime kriminèl yo toujou nan lari a ap mache sou moun toujou. Kòdonatè (MMCDHA), kritike machandaj politik ki ap fèt ak asasinay ansyen defen Jovenel Moïse kote tout seri pwojè li te koumanse nan moman inogirasyon yo menm non defen Jovenel Moïse, ki pa twò lonmen. Pilwen, Morel Esperance Berard, plenyen le fèt ke depi absans ansyen prezidan tout pwojè li yo tankou wout, dlo kouran elektrik, referandòm, konstriksyon lekòl yo kanpe.

Pou fini, Morel Esperance Berard, ki mande popilasyon an pou kale jel pou l wè seri moun ki t ap batay anfas ansyen prezidan pou kounye a ki chanje kan ki al defann lajan manje yo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …