AYITI/EDIKASYON : SPS POTE SIPÒ LI AK PLIZYÈ TIMOUN NAN TITANYEN POU YO KAPAB ALE LEKÒL

Nan okazyon rantre klas la (SPS) Ki se Sauveur pour servir pèmèt anpil timoun ale lekol nan komin Titanyen ane a, kote jounen Madi 4 oktòb 2021 an komite an bay plizyè ti moun kit eskolè

Òganizasyon sosyal SPS Ki gen syèg sosyal li nan Titanyen bay plis pase 300 timoun kit eskolè ane sa pou pèmèt yo ale lekol pou al pran pen enstriksyon, nan chak kit gen Kaye kreyon liv plim ak Yon valiz pou pote founiti si la yo.

Selon pòt pawòl estrikti sila, chak fwa li bay sipòl ak elèv sa fèl kontan paske li konnen kijan sa difisil pou paran achte materyèl eskolè pou voye timoun lekòl ak Jan lavi sa chè nan peyi an.

Map raple nou se chak ane òganizasyon sa bay timoun kit eskolè pou pèmèt yo ale lekòl pou al aprann pou prepare avni yo.

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …