AYITI/REYAKSYON: ANSYEN MINIS JISTIS LA ROCKEFELLER VINCENT DI LI PAT JANM GEN MACHIN NISANN PATWÒL NAN KÒTÈJ LI.

Nan yon twit kap sikile sou kont twitè ansyen minis jistis lan Rockefeller VINCENT jounen madi 5 oktòb 2021 an, « mwen pat janm genyen machin nisann patwòl nan kòtèj mwen jan mechan yo vle fè kwè a  » deklare Rockefeller VINCENT ».

Yon lòt kote, ansyen minis lan fè popilasyon an konnen li remèt tout machin ak lòt materyèl ki te nan menl ak minis jistis la.
« Mwen remèt minis jistis aktyèl lan tout machin ak materyèl leta ki te nan menm deklare « Rockefeller VINCENT »

Nap raple, Rockefeller VINCENT jwenn revokasyon li nan gouvènman Ariel lan swit ak deklarasyon kote li te di se li lalwa bay pwovizyon legal pou bay direktè, komisè ak enspektè polis la lòd.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …