LAFRANS/KRIM SEKSYÈL: ABI SEKSYÈL NAN LEGLIZ KATOLIK NAN PEYI LAFRANS FÈ ANT I65.000 E 27.000 VIKTIM, DAPRÈ RAPÒ SAUVÉ

_Komisyon endepandan sou abi seksyèl nan legliz, ki gen nan tèt li Jean-Marc Sauvé, mete deyò jounen madi 5 oktòb 2021 an yon rapò eksplozif kote pou premye fwa lemonn gen yon lide sou kantite moun ki viktim vyolans ak agresyon seksyèl nan peyi Lafrans e sa « tris », denonse Jean-Marc Sauvé ki mande « reparasyon »._

Rapò Sauvé a estime gen 216.000 moun ki gen plis pase 18 lane ki te viktim vyolans seksyèl ou agresyon seksyèl pandan yo timoun anba men kèk  relijye katolik nan peyi Lafrans soti nan lane 1950 pou rive nan lane 2020.

Se chokan. Se tris. Pandan plizyè lane legliz tounen yon espas kote agresyon seksyèl ap fèt pa pil e pa pakèt sou yon pakèt timoun pandan 70 dènye lane sa yo.

Daprè rapò Sauvé a ki fèk mete deyò jounen madi a, apre de (2) lane sis (6) mwa travay, se ant 165 000 e 27 000 timoun ( eka ant 2 chif yo pran an kont yon maj erè) ki viktim vyolans seksyèl anndan legliz.

Chif sa yo ap ogmante a 330.000 si yo enkli zak vyolans seksyèl ki fèt nan pansyona, kan eskout ak lòt estrikti ki anba lobedyans legliz katolik.

« San pawòl viktim yo, sosyete nou an t ap toujou nan inyorans parapò ak sa ki te pase yo », lanse Jean-Marc Sauvé, prezidan komisyon endepandan an, ki t ap bay chif « tris » sa yo e » ki pa dwe rete san suit ».

Mesye Sauvé lonje dwèt li sou endiferans legliz katolik jis nan kòmansman lane 2000 yo. » Legliz pa t ka wè e li pa t ka tande. Li pa t pran mezi nesesè yo ». Komisyon an mande »reparasyon » pou viktim pedokriminalite yo.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …