LEMONN/REZO SOSYO: NAN MWENS KE SIZÈD TAN MARK ZUCKERBERG PÈDI 7 MILYA DOLA

_Kou an bous sosyete ameriken Mark Zuckerberg la dekwoche lendi 4 oktòb 2021 an apre pàn mondyal ki te touche rezo sosyal ak mesajeri yo pandan yon pakèt tan._

Yon gwo pàn ki afekte kat rezo nan gwoup Facebook la( Facebook, Instagram, WhatsApp et Messenger) lakoz jeyan nimerik la fè anpil defisi. 7 milya dola pèt pandan anviwon 6è de tan.

Pandan yon sèl seyans, akoz aksyon li yo chite Mark Zuckerberg, mèt gwoup Facebook la, 37 lane, pèdi 7 milya dola pandan nan yon bat je daprè sa yon dekont Bloomberg afime.

Pandan mitan septanm nan, akoz akizasyon yon lansez alèt, Mark Zuckerberg te gentan pèdi 19 milya dola. Toutfwa, Facebook rete youn nan pi enpòtan kapitalizasyon Wall Street dèyè Apple, Microsoft, Google ak Amazon.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …