LEMONN/ESKANDAL SEKSYÈL:  » MWEN WONT. NOU WONT », DEKLARE PAP FRANÇOIS

_Aprè piblikasyon yon rapò komisyon endepandan sou abi seksyèl nan legliz mete deyò madi 5 oktòb 2021an kote konklizyon an fè konnen gen 216 000 timoun ki viktim zak vyolans e agresyon seksyèl anba men otorite legliz katolik nan peyi Lafrans depi nan lane 1950, pap François, jounen mèkredi 6 oktòb 2021 an di li wont._

Pap François pa pran lontan pou reyaji sou rapò akablan ki soti sou legliz katolik nan peyi Lafrans ki gen pou wè ak pedokriminalite anndan legliz. » M vle eksprime tristès mwen ak doulè m bay viktim yo pou twomatis yo sibi e tou wont mwen, wont nou pou enkapasite legliz pou l te mete yo nan mitan pwewokipasyon l depi lontan », daprè sa l di nan yon odyans jeneral. » M priye e ann priye ansanm Senyè a ki merite glwa e nou menm lawonte. Se moman lawonte », ensiste pap François.

Komisyon endepandan sou abi seksyèl nan legliz, ki gen nan tèt li Jean-Marc Sauvé, mete deyò yon rapò eksplozif sou pedokriminalite nan legliz kote nan konklizyon an li fè konnen gen 216 000 timoun ki viktim vyolans ou agresyon seksyèl anba men klèk ou relijye katolik nan peyi Lafrans soti nan lane 1950 pou rive nan lane 2020.

Chif sa yo ka ogmante a 330 000 si yo konsidere zak vyolans ak agresyon seksyèl ki fèt nan pansyona, kan eskout ak lòt estrikti ki anba lobedyans legliz katolik nan peyi Lafrans.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …