AYITI/ASASINAY : PLIS PASE TWA (3) MWA PEYI AYITI TOUJOU RETE SAN PREZIDAN.

7 jiyè 2021, 7 oktòb 2021 sa fè twa (3) mwa depi bandi ki janbe plizyè peyi, soti jouk nan peyi Kolonbi ak konplisite nèg ki gen anpil lajan ak nèg ki di yo ap fè politik touye ansyen prezidan Jovenel Moïse lachman lakay li, jou ki te 7 jiyè 2021 an nan pèleren 5 nan komin petyonvil.

Malgre tout sa nèg ki te reklame tèt yo kòm opozisyon ak administrasyon Jovenel Moïse pandan li te prezidan, yo te fè manifestasyon, peyi lòk, 7 tou palè nasyonal nan objektif pou yo pran palè a. Ansyen lokatè palè nasyonal la mouri jiskaprezan palè a vid kou boutèy.

Yon lòt kote, anpil militan ki tap goumen kont prezidan Jovenel Moïse ap mande kote moun ki te konn ap di yo ap rantre anndan palè a?

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …