AYITI/ ENSEKIRITE : NÈG AK ZAM SEZI DE(2) KAMYON GAZ NAN MATISAN

Nèg ak zam nan Matisan sezi jounen sèt (7) oktòb 2021 an, de (2) kamyon gaz selon enfòmasyon prezidan asosiyasyon nasyonal pwopriyetè estasyon gaz yo ki gen sig nan lang fransè (ANAPROS), Marc André Dériphonse.

De (2) kamyon sitèn sa yo ki tap sòti nan « terminal Thor », ta pral livre nan moman nèg ak zam yo te fòse chofè kamyon sa yo pran yon lòt direksyon, daprè enfòmasyon ki rive nan redaksyon Echo Jounal.

N ap siyale, nèg ak zam yo pa sispann fè wout kwochi ak kamyon machandiz antreprenè k ap sòti nan rantre Sid kapital la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …