AYITI/ ENSEKIRITE: POU PI PITI 221 MOUN KIDNAPE SÒTI JIYÈ POU RIVE MWA SEPTANM, DAPRÈ ÒGANIZASYON DWA MOUN « CARD »

Selil obsèvasyon kriminalite nan sant analiz ak rechèch nan dwa moun (CARD), prezante jounen 7 oktòb 2021 an, rapò sou kantite zak kidnapin ki anrejistre nan peyi a sòti mwa jiyè pou rive mwa septanm 2021 an.

Nan kad rapò sa  » CARD », fè konnen gen 31 ka kidnapin pou mwa jiyè, 73 pou mwa dawout ak 113 pou mwa septanm ki vin bay yon total 221 ka kidnapin ki fèt nan 3 dènye mwa yo. Selon responsab yo, dènye rapò yo a ki montre gen yon ogmantasyon plis pase 300% ka kidnapin lan pou mwa ant mwa jiyè ak septanm, nan menm rapò a òganizasyon dwa moun lan fè remake gen 25 resòtisan etranje ak 4 rezidan ki kidnape sòti mwa janvye pou rive oktòb 2021 an.

Pou fini, manm Sant Analiz ak Rechèch Nan Dwa Moun « CARD », di yo resanse sòti mwa janvye pou rive septanm gen 628 ka kidnapin ki fèt nan peyi a, san ke yo pa mansyone kidnapin kolektif sa ki souvan fèt sou machin yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …