LEMONN/PRI NOBEL: DE (2) JOUNALIS RANPÒTE PRI NOBÈL LAPÈ POU ANE 2021 AN

Jounalis Ris Dmitri Mouratov e Filipin nan Maria Ressa ranpòte Pri Nobèl Lapè 2021 an « pou batay yo mennen pou libète lapawòl ». Se pou premye fwa gen yon Pri Nobèl ki bay pou libète lapawòl.

Dmitri Mouratov, youn nan fondatè e redaktè an chèf jounal Novaïa Gazeta plis fè piblikasyon sou « koripsyon, vyolans Lapolis, arestayon ilegal ak fwod elektoral ». E jisteman, chwa sa a li fè a li peye l chè, daprè komite a : li pèdi sis (6) nan jounalis li yo e pami yo, Anna Politkovskaïa ki te mouri asasinen sa gen 15 lane.

Dmitri Mouratov fè konnen li dedye pri li a ak jounal la e ak tout kòlèg li yo ki te mouri asasinen pou travay yo e ankèt yo. « Se pa merit pèsonèl mwen. Se merit Novaïa Gazeta e li se merit tout moun ki t ap defann libète lapawòl », daprè sa l di.

Maria Ressa, bò kote pa l, 58 lane, se youn nan moun ki mete sou pye platfòm nimerik jounal envestigasyon an 2012 ki mete pwojektè sou « kanpay anti dwòg kontwovèse rejim prezidan Filipen Rodriguo Duerte ki lakoz anpil moun mouri », daprè sa komite a rapòte. » Yon monn san fè siyifi yon monn san verite e san konfyans », deklare madam Marie Ressa, lenmi piblik pouvwa Filipen an.

 

Jackson junior Rinvil

kredi foto: L’Echo

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …