AYITI/ ENSEKIRITE /TANSYON: KAT MOUN MOURI AK PLIZYÈ LÒT BLESE NAN KOMIN KENSKÒF

Moun ak zam yo pa rive idantifye simen latwoublay nan komin Kenskfòf. Daprè enfòmasyon sal redaksyon echo jounal rive jwenn, kat (4) moun mouri, plizyè lòt blese ak plizyè kay boule nan lokalite Rezankou, ki nan komin Kenskòf.

Sitiyasyon ensekirite peyi a ap fè fas la ap taye banda nan Rezankou, komin Kenskfòf. Daprè yon sitwayen ki t ap entèvni sou radyo Karayib, laperèz ap fini ak moun k ap viv nan lokalite Rezankou, yo pa ka soti. Entèvenan sa ki gen manman l ki pran bal ak yon frè l ki mouri fè konnen moun ki blese yo pa ka soti pou yo al resevwa swen nan lopital.

Popilasyon Rezankou, bezwen sipò Lapolis pou lapè ak lòd ka retounen nan zòn. Nèg ak zam achte zòn nan lajan kontan. Popilasyon Rezankou a lage de bwa balanse.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …