AYITI/SINEMA: FIM FREDA GESSICA GÉNÉUS RANPÒTE DE PRI NAN PEYI BÈLJIK

Reyalizatris ayisyèn nan, Gessica Généus kontinye ap fè fyète peyi Dayiti nan nivo entènasyonal nan monn sinematografik la. Aktris la anonse sou rezo sosyal yo Freda, yon fim li reyalize, ranpòte de (2) pri nan festival entènasyonal fim frankofòn « de Manur » nan peyi Bèljik.

Freda, yon fim long metraj make lespri moun yon lòt fwa ankò nan yon festival fim entènasyonal, patiklyèman nan peyi Bèljik kote li pran de pri : « Pri dekouvèt premye zèv e pri piblik_ long metraj fiksyon », ekri Gessica Généus ki, apre, feliste tout ekip Freda a. » Bravo ak tout ekip la », rejwi aktris ayisyèn nan.

Nan koze ranpòte pri nan festival fim entènasyonal, sa vin yon abitid pou fim Gessica Généus ki rele Freda. Nan festival Cannes ki te òganize lane 2021 an, reyalizatris ayisyèn avèk Freda te loreya mansyon espesyal dekouvèt pri François Chalais TV5 Monde e France 24 te bay.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …