_Peyi Liban plonje nan yon fènwa san parèy samdi 9 oktòb 2021 akoz pwoblèm gaz ki lakoz de (2) santral elektrik nan peyi a pa ka fonksyone._
Blakawout nan peyi Liban, yon lòt fwa ankò. Pwoblèm gaz lakoz pa gen kouran nan peyi Liban. Daprè konpayi nasyonal elektrisite Liban an, se akoz pwoblèm gaz ki fè de santral elektrik yo pa fonksyone e pa konsekan lage peyi a nan yon blakawout san parèy.
Daprè Bank Mondyal, Liban ap fè fas ak youn nan pi gwo kriz li potko janm konnen nan istwa l depi apre 1850 kote yo pa ka achte gaz akoz nan moman yo ta dwe achte a paske monnen nasyonal yo ap degrenngole, rapòte laprès nan peyi Lafrans.