IJAN / FOUTBÒL: NEYMAR AP FÈ YON KWAZE KITE SA APRÈ KOUP DIMONN KATA 2022

_Neymar fè yon deklarasyon chòk sou avni l. Sipèsta brezilyen an, Neymar junior fè konnen nan yon dokimantè DAZN koup dimonn Kata 2022 a se ka dènye koup dimonn li ap gen pou jwe ak seleksyon brezilyèn nan._

Neymar lage yon bonm nan monn foutbòl la. Atakan PSG a deklare koup dimonn Kata 2022 a se kapab dènye koup dimonn li nan karyè entènasyonal li.

« M panse se ap dènye koup dimonn mwen », deklare jwè klèb kapital peyi Lafrans la nan yon dokimantè DAZN ki pote non « Neymar & The line of Kings ». » M wè l kòm dènye paske m pa konn si m ap gen fòs mantal pou m rete nan foutbòl », ajoute jwè brezilyen an ki ka fè yon kwaze kite sa nan foutbòl ak 30 lane sou tèt li an 2022.

Atakan vedèt seleksyon Brezil la, Neymar, vle goumen jiskobou pou l reyalize yon kichòy nan mondyal Kata 2022 a. » M ap fè tout sa ki posib pou tout bagay pase byen nan mondyal 2022 a pou m ka genyen ak peyi m. M vle reyalize rèv m te genyen depi m te tikatkat la. M espere m ap rive fè l ».

Deklarasyon sa yo fè anpil mal ak fanatik Brezil men sitou ak fanatik PSG. Neymar fè konnen « li p ap gen fòs mantal pou l rete nan foutbòl apre koup dimonn 2022 » alòske li gen yon kontra ki ap rive nan bout li ak klèb wouj e ble a nan lane 2025.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ballon d’Or 2025 : Entre prestige et illusion dorée.

Le 22 septembre prochain, le Théâtre du Châtelet à Paris accueillera la 69e cérémonie du …