SITYASYON DIFISIL POU POPILASYON AN CHAK APRE LAPLI NAN YON SERI ZÒN NAN PEYI A.

Lapli kap tonbe dènye tan sa yo sou peyi a bay gwo pwoblèm nan plizyè zòn nan Pòtoprens tankou Site solèy, Kafou aviyasyon, kafou Fleryo, bò Rita, Pòtay Lewogàn Bisantnè poun site zòn sa yo.

Nan yon vizit Echojounal fè pandan lapli dimanch swa ki te 12 out 2018 la nan zòn bisantnè, se gwo pwoblèm popilasyon an ap konfonte kote chak lapli zòn nan enpratikab, gwo dlo sal desann, fatra, sa ki koz gwo pwoblèm pou moun kap viv nan zòn nan e moun kap pase la.

Pou yon moun pase bò teyat nasyonal ou oblije peye yon moun 25 goud pou travèsew dlo a swa sou do oubyen nan bourèt. Blokis la menm se pa pale machin ki etèn nan dlo a moto ki pa wè kote pou pase, moun ki pa gen mwayen pou peye pote yo oblije fouye pye yo nan dlo a se yon veritab pwoblèm pou moun ki ap mete tèt nan Sid.

Kèk moun ki te pale nan mikwo nou te revòlte fas ak sityasyon sa te pwofite lanse kèk pawòl piman bouk kont otorite yo ki selon yo menm pa fè anyen pou rezoud pwoblèm sa yap konfwonte chak apre lapli, kèk ladann yo mande otorite pou vin kontaste sityasyon zòn pòtay Lewogàn, Bisantè ak zòn ki tou pre yo.

Michel St Louis.
47852585.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …