LEMOND/ ATAK: SIS (6) MOUN MOURI NAN PEYI YEMEN

Sis (6) moun mouri ak onz (11) lòt sòti blese jounen dimanch dis (10) oktòb 2021 an, nan peyi Yemen aprè yon atak ki fèt kont plizyè manm gouvènman peyi sa nan pwovens « Aden », ki nan Sid peyi Yemen.

Konvwa gouvènman sa ki te gen ladanl gouvènè pwovens  » Aden » lan, Ahmed Lamlas, minis agrikilti a, Salem al-Socoti, manm konsèy tranzisyon Sid (STC), rive sòti vivan nan atak sa ki fèt kont konvwa sa a, daprè sous sekirite peyi Yemen.

Premye minis Yemen lan, Maïn Adelmalek Saïd, mande yon ankèt sou zak atanta ki fèt sou konvwa gouvènmantal sa li kalifye kòm yon atak teworis lach gwoup dyadis yo fè kont gouvènman an.

N ap fè remake, pwovens « Aden » ki se dezyèm vil nan peyi Yemen, gwoup dyadis yo reklame kòm kapital peyi Yemen depi aprè deklanchman gè sivil depi lane 2014.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …