LEMOND/ MIGRAN : »DIS NÈF MIL (19 000) TIMOUN TRAVÈSE PEYI PANAMA AK KOLONBI » PI FÒ LADAN YO GEN PARAN AYISYEN, DAPRÈ UNICEF

Nan yon rapò ankèt « UNICEF », mete deyò fè konnen pandan ane 2021 an yo resanse gen dis nèf mil (19 000) timoun ki travèse  » jungle Darien » ki nan fontyè ant peyi Kolonbi ak Panama, nan lide pou al chache lavi daprè òganizasyon Nasyon Zini.

 » kantite timoun migran ki travèse a pye fontyè Kolonbi ak Panama se dis nèf mil (19 000) », selon sa ki ekri nan rapò UNICEF lan, ki pibliye jounen lendi onz (11) oktòb la. Responsab nan òganizasyon ki siveye sou timoun yo, ki presize pi fò nan timoun sa yo paran yo se ayisyen.

N ap siyale, daprè chif ofisyèl ki disponib sou kantite migran ki travèse fontyè Kolonbi ak Panama, rive jiska katreven di mil (90 000), pi fò ladan yo se ayisyen.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …