AYITI PWOTESTASYON : GWO VAN TANSYON NAN KOMIN SITE SOLÈY

Gwo panik aprè midi lendi 11 oktòb 2021 an, nan komin site solèy nan zòn kafou vensan. Kote se gwo kouri ki te genyen, anpil kout bal tap chante ouvriye ak ouviyèz ki tap soti nan pak endistriyèl la se anba anpil gaz lakrimojèn yo rive travèse kafou vensan.

Pilwen, pwotestatè yo di sak fè yo bloke zòn lan, se nan siy solidarite avèk KILICK, ansyen depite Arnel Belizaire ak Babas kite douvan jij kou dapèl, kote jij la deside rekondwi mesye sa yo nan penitansye nasyonal ankò pou yon lòt seyans ankò lendi pwochen.

Devan sitiyasyon sa, moun zòn lan pat kache kòlè yo, yo te rive paralize wout nasyonal nimewo 1 nan zòn kafou vensan kote yo tap mande liberasyon prizonye politik yo, pwotestatè yo kontinye pou yo di:  » toutan yo pa jwenn liberasyon Babas, KILICK, Arnel Belizaire yo pap sispann bloke lari a.

Kòm fè a siyale yon machin imatrikile TM – 19508 kankannen anba men pwotestatè yo nan kafou vensan.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …