AYITI/KIDNAPIN: PASTÈ ÉLIODOR DEVARISTE JWENN LIBERASYON LI.

Pastè legliz metodis  Éliodor Devariste, jwenn liberasyon li nan lanwit lendi 11 oktòb 2021 an apre fanmi li ak pwòch li te fin negosye ak bandi yo.

Ravisè yo libere otaj la kont ranson aprè pwotestan yo te òganize yon gwo mouvman pwotestasyon jounen lendi an, nan lide pou te mande liberasyon pastè Èliodor Devariste.

Nap sinyale pastè legliz « JESUS CENTER », Jean Mari Michel Ferrer ke ravisè yo te kidnape andann legliz delma 29 la ki gen anviwon 10 jou nan men ravisè yo, poko jwenn liberasyon li.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …