AYITI/ENSEKIRITE/ RELIJYON : LEGLIZ SHALOM TABERNACLE DE GLOIRE KANPE AKTIVITE LI YO

Legliz Shalom Tabernacle de Gloire kanpe aktivite lapriyè ak adorasyon li yo. Dezisyon sa li pran nan lide pou pwoteste kont zak asasinay epi ensekirite fidèl ak responsab legliz ap viktim dènye semèn sa yo nan rejyon metwopolitèn nan._

Nivo ensekirite kap taye banda an Ayiti a kote sektè legliz pwotestan ap viktim zak kidnapin ak ensekirite lakoz legliz Shalom Tabernacle de Gloire chwazi fèmen pòt li.

Daprè pastè Jacques Maurice, legliz Tabernacle de Gloire kanpe aktivite lapriyè li yo, kil yo pandan yon moman an siy pwoteksyon epi solidarite ak kòlèg pastè yo fenomèm kidnapin nan frape.

Nan twa dènye semèn ki sot pase yo gen twa asanble ki atravè fidèl yo osnon lidè relijye yo, viktim zak kidnapin osnon asasinay anba men nèg ak zam nan rejyon metwopolitèn nan.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …