AYITI /POLITIK : ADEKTRA KONTINYE MANDE JISTIS POU PREZIDAN JOVENEL MOÏSE.

Nan yon konferans pou laprès pòt pawòl alyans demokratik kont tranzisyon an Ayiti (ADEKTRA) Mackenson CANGÉ fè jodi jedi 14 oktòb 2021 an, nan lide, pou mande jistis pou Ansyen prezidan Jovenel Moïse epi nan lide pou atire atansyon popilasyon an sou mannèv premye minis defakto Ariel HENRY ap maniganse pou libere kolonbyen yo ki te patisipe aktivman nan lanmò prezidan an.

Yon lòt kote, CANGÉ Mackenson ki prezante tèt li kòm yon Jovenelis, di li konstate oligak kòwonpi ki te finanse zak asasinay ansyen lokatè palè nasyonal la pran aparèy jistis lan an otaj nan objektif pou limyè pa fèt sou lanmò ansyen chèf leta.

Pilwen, pòt pawòl ADEKTRA, denonse tout move mannèv, traktasyon ak pèsekisyon politik PM defakto Ariel HENRY ak tout akolik li yo epi
asasen parèy li yo ap fè pou premyè Dam lan Martine Moïse nan lide pou li pa kontinye bay bon jan enfòmasyon sou zak asasinay ansyen patwon agritrans lan.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …