KOVID-19/BREZIL : PREZIDAN BREZILYEN AN REFIZE PRAN VAKSEN KONT KOVID-19 LA

Prezidan brezilyen an, Jair Bolsonaro fè konnen li pap pran vaksen Kovid-19 la._

Akoz pwoblèm sanitè, Jair Bolsonaro pa te ka antre nan estad pou li te gade match Santos wikenn ki sot pase a sa ki te leve plim sou do li. « Poukisa nou bezwen yon pas sanitè ? A kisa sa ap sèvi ? », Daprè sa l deklare pandan li fè konnen li gen plis antikò pase moun ki pran vaksen yo.

 » M pap pran vaksen. M wè gen lòt etid ki fèt e iminite m toujou pi wo, poukisa m ta bezwen pran vaksen », daprè sa li fè konnen nan yon radyo Jovem Pan madi 12 oktòb la, rapòte RFI.

Jair Bolsonaro, prezidan peyi Brezil, te toujou youn nan otorite nan monn lan ki souvan minimize maladi Kovid-19 la e ki retisan ak lide pou l ta pran vaksen an. Nan yon tèt a tèt li te gen ak premye minis Britanik la, Boris Johnson, Jair Bolsonaro te fè deklare piblikman li pa pran vaksen.

N ap raple, an jiyè 2020 prezidan brezilyen an Jair Bolsonaro te trape Kovid-19 la.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto: France24.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …