LEMOND/ SANTE: ANSYEN PREZIDAN CLINTON KOUCHE AK MALADI ENFEKSYON

Ansyen prezidan peyi Etazini, Bill Clinton, kouche sou kabann lopital akoz yon enfeksyon li trape nan pipi li ki kòmanse pwopaje nan tout san ansyen lokatè Mezon Blanch lan.

Ansyen chèf Leta ameriken an ki gen 75 lane, kouche sou kabann lopital nan Eta Kalifòni kote li ap pran swen, daprè anons pòt vwa ansyen prezidan Clinton lan.  » nan sware madi pase a, prezidan Clinton ospitalize nan sant medikal « UCI » pou li kapab pran swen pou yon enfeksyon li fè nan pipi li. Ansyen prezidan kòmanse tounen nan nòmal li, n ap di mèsi ak medsen yo, enfimyè ak lòt pèsonèl yo ki te bal bon jan swen », deklarasyon pòt vwa ansyen prezidan Bill Clinton lan, Angel Urena, sou kont Twitè li.

N ap siyale, ansyen prezidan Bill Clinton, te dirije peyi Etazini sòti lane 1993 pou rive 2001. Demokrat la, ki te ospitalize plizyè fwa nan lane 2004, nan moman li t ap fè yon operasyon pou debouche 4  » artères » nan kò li ak nan lane 2010 lè li t ap opere pou  » angioplastie ».

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …