AYITI/ SEKIRITE: LAPOLIS NAN DEPATMAN NIP ARETE 80 MOUN PAMI YO 4 PREZIME BANDI VILAJ DE DYE

Nan kad yon konferans pou laprès jounen 15 oktòb 2021 an, direksyon depatmantal polis Nip prezante bilan operasyon yo mennen sou 11 komin depatman an pou mwa septanm 2021 an.

Nouvo pòt vwa polis Nip lan. Astrel Calixte, fè konnen pou mwa septanm 2021 an lapolis arete 80 moun pou divès enfraksyon tankou vòl, vòl ak zam, vyòl, asosiyasyon malfèktè, asasinay ak tantativ asasinay, anlèvman ak vwadfè,

Lapolis nan depatman Nip, prezante bay laprès 4 prezime asasen Daniclès Claude ak Roseline nan komin Plezans. Selon nouvo pòt vwa polis Nip lan, Astrel Calixte, prezime asasen sa yo te sòti nan vilaj de Dye pou te kapab vin fè zak asasinay la.

N ap fè remake, polisye Astrel Calixte, ki vin nouvo pòt vwa polis Nip li ranplase ansyen polisye Wisnel Decembre ki te pase 2 lane kòm pòt vwa.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …